🛒 Kòmann ak Achte
01
Kijan pou m kreye yon kòmann sou Maket Ayisyen?
▼
Pou kreye yon kòmann, swiv etap sa yo:
1. Chèche oswa eksplore pwodwi yo nan paj Pwodwi a
2. Klike sou pwodwi a ou enterese a
3. Chwazi opsyon yo (gwosè, koulè, etc.) si genyen
4. Klike "Ajoute Nan Panye"
5. Lè ou pare, klike sou panye a nan kwen anwo
6. Klike "Checkout" epi ranpli enfòmasyon livrezon w
7. Chwazi metòd peman an (PayPal, MonCash, Kat, etc.)
8. Konfime kòmann nan
Ou ap resevwa yon imèl konfimasyon ak nimewo kòmann ou (fòma MKTAYSN-XXXXXXX).
02
Kijan pou m suiv kòmann mwen?
▼
Pou suiv kòmann ou, konekte sou kont ou epi ale nan "Kòmann Mwen" nan dashboard la. Ou ap wè:
• Estati kòmann nan (Konfime, Ap Voye, Livre, etc.)
• Nimewo kòmann lan
• Detay pwodwi yo
• Adrès livrezon
• Estimasyon dat livrezon
Si gen yon nimewo tracking, w ap wè li tou.
03
Èske mw ka modifye oswa anile yon kòmann?
▼
Wi, men sèlman si vandè a poko prepare oswa voye pwodwi a.
Pou anile/modifye:
1. Ale nan "Kòmann Mwen"
2. Klike sou kòmann nan
3. Si bouton "Anile" disponib, klike li
4. Si ou bezwen modifye, kontakte vandè a dirèkteman
Si pwodwi a deja voye, ou ka mande yon retounen apre ou resevwa li.
💳 Peman ak Sekirite
04
Ki metòd peman Maket Ayisyen aksepte?
▼
Nou aksepte plizyè metòd peman pou ba w plis fleksibilite:
• 💳 Kat Kredi/Debi — Visa, Mastercard (via Stripe)
• 🅿️ PayPal — Peman entènasyonal sekirize
• 🟡 MonCash — Pou kliyan an Ayiti
• 🟢 NatCash — Pou kliyan an Ayiti
• 🏦 Bank Transfer — Selon vandè a
• 💵 Cash sou Livrezon — Selon politik vandè a
Chak vandè ka chwazi ki metòd li aksepte.
05
Èske peman mwen sekirize sou Maket Ayisyen?
▼
Wi, absoliman!
Tout tranzaksyon yo ankripte ak SSL/TLS sètifika modèn. Nou pa janm konsève enfòmasyon kat ou yo sou sèvè nou yo — tout peman pase atravè:
• Stripe — Pwosesè peman ki sètifye PCI-DSS
• PayPal — Pwoteksyon achtè entènasyonal
• MonCash/NatCash — Sistèm sekirize Ayiti
Nou tou genyen pwoteksyon achtè: si pwodwi a pa rive oswa li pa konfòm ak deskripsyon an, ou ka mande yon refund.
06
Èske mw ka gen yon resi pou peman mwen?
▼
Wi! Aprè chak peman, ou ap resevwa otomatikman:
1. Yon imèl konfimasyon ak detay konplè kòmann lan
2. Yon resi PDF ki ka jenere nan dashboard ou
3. Nimewo tranzaksyon pou referans
Ou ka tou wè istwa tout peman ou yo nan "Kòmann Mwen".
🚚 Livrezon
07
Konbyen tan livrezon pran?
▼
Tan livrezon depann de:
• Kote vandè a ye (Ayiti, USA, Kanada, etc.)
• Kote ou ye
• Tip pwodwi a
Estimasyon jeneral:
• 🇭🇹 Andedan Ayiti: 2-5 jou
• 🌍 Ayiti → Etranje: 7-15 jou
• 🇺🇸 USA lokal: 2-7 jou
• 🌎 Etranje → Ayiti: 7-21 jou
Vandè a konfime tan egzakt la apre kòmann nan.
08
Ki peyi Maket Ayisyen livre?
▼
Nou livre nan 9 peyi:
🇭🇹 Ayiti
🇺🇸 Etazini (USA)
🇨🇦 Kanada
🇫🇷 Lafrans
🇩🇴 Repiblik Dominikèn
🇨🇱 Chili
🇧🇸 Bahamas
🇲🇽 Meksik
🇧🇷 Brezil
Chak vandè ka chwazi ki peyi/depatman li livre, donk verifye sou paj pwodwi a anvan ou kòmande.
09
Konbyen frè livrezon koute?
▼
Frè livrezon depann de chak vandè ak distans. Yo afiche klèman sou paj pwodwi a anvan ou kòmande.
Anpil vandè ofri livrezon GRATIS pou kòmann ki depase yon sèten montan oswa pou kèk pwodwi espesyal.
Gade ikòn "🚚 Livrezon gratis" sou paj pwodwi a.
↩️ Retounen ak Refund
10
Kijan pou m retounen yon pwodwi?
▼
Pou retounen yon pwodwi:
1. Ale nan "Kòmann Mwen"
2. Klike sou kòmann nan
3. Klike "Mande Retounen"
4. Eksplike rezon retounen an
5. Voye pwodwi a ak labèl la (vandè a ap di w kote)
Apre vandè a resevwa pwodwi a, refund la pral trete nan 3-7 jou.
11
Konbyen tan mw genyen pou m mande yon retounen?
▼
Politik standard la se 14 jou apre w resevwa pwodwi a.
Sepandan, chak vandè ka gen pwòp politik li. Verifye:
• Paj pwodwi a → tab "Retounen/Kondisyon"
• Imèl konfimasyon kòmann nan
Sèten kalite pwodwi pa ka retounen (egz: pwodwi konsòmab, manje, atik pèsonèl yo deja itilize).
12
Ki moun ki peye frè retounen an?
▼
Sa depann de rezon retounen an:
Vandè a peye lè:
• Pwodwi a kraze
• Pwodwi a pa konfòm ak deskripsyon
• Move atik voye
Kliyan an peye lè:
• Chanje lide
• Pa renmen pwodwi a
• Kòmande move taille/koulè
Verifye politik chak vandè sou paj pwodwi a.
🏪 Vann sou Maket Ayisyen
13
Kijan pou m vin yon vandè sou Maket Ayisyen?
▼
Pou vin yon vandè:
1. Kreye yon kont sou Maket Ayisyen
2. Klike "Vann" nan menu a
3. Ranpli aplikasyon vandè a ak enfòmasyon boutik ou
4. Voye pyès idantite pou verifikasyon
5. Tann apwobasyon admin (24-48 èdtan)
6. Konfigire boutik ou nan dashboard
7. Ajoute premye pwodwi ou yo
Apre apwobasyon, ou ka kòmanse vann san frè enskripsyon.
14
Konbyen Maket Ayisyen pran kòm komisyon?
▼
Plan komisyon nou yo trè konpetitif:
• Plan Gratis: 0% komisyon (limit 5 pwodwi)
• Plan Starter: Komisyon 8% (limit 25 pwodwi)
• Plan Pro: Komisyon 5% (limit 100 pwodwi)
• Plan Business: Komisyon 3% (san limit)
Pa gen frè ki kache. Komisyon an pran sèlman sou vant ki konfime.
Detay nan dashboard vandè a → tab "Plan Mwen".
15
Kijan mw resevwa lajan mwen?
▼
Aprè kliyan an konfime li resevwa pwodwi a, lajan an libere otomatikman.
Metòd payout disponib:
• 💸 PayPal (entènasyonal)
• 🌐 Wise (transfè bank)
• 🟡 MonCash (Ayiti)
• 🟢 NatCash (Ayiti)
• 🏦 Bank Transfer dirèk
Konfigire metòd payout ou nan Dashboard → Paramèt → Peman.
👤 Kont ak Sekirite
16
Kijan pou m kreye yon kont?
▼
Trè senp:
1. Klike "Enskri" nan kwen anwo
2. Antre imèl ak modpas
3. Verifye imèl ou (ou ap resevwa yon lyen)
4. Konplete pwofil ou
5. Kòmanse achte oswa vann!
Enskripsyon an gratis ak rapid.
17
Mw bliye modpas mwen, sa pou m fè?
▼
Pa pwoblèm:
1. Ale nan paj login
2. Klike "Bliye Modpas?"
3. Antre imèl ou
4. Ou ap resevwa yon lyen pou refè modpas la
5. Kreye yon nouvo modpas
Lyen an ap valid pou 1 èdtan.
18
Èske mw ka efase kont mwen?
▼
Wi. Pou efase kont ou:
1. Konekte nan kont ou
2. Ale nan Paramèt → Sekirite
3. Klike "Efase Kont"
4. Konfime desizyon w
Atansyon: Aksyon sa pa ka retounen. Tout done ou (kòmann, mesaj, etc.) ap efase definitivman. Si ou gen kòmann an kou, fini yo anvan.
Ou ka tou kontakte contact@maketayisyen.com pou asistans.